Nou souvan tande y ap di sant resous pou gwosès yo se “fo klinik” epi yo pa ede fanm yo vre. Sa a tèlman lwen laverite a. Epi lè w konprann tout kalite sèvis y ap bay fanm ak fanmi k ap soufri akoz kriz gwosès yo nan sant swen pou gwosès yo oswa nan klinik yo, tankou Klinik Kominotè pou Gwosès yo, w ap vin gen yon lòt opinyon parapò ak fo deklarasyon sa a.
Nan Community Pregnancy Clinics yo, pèsonèl medikal nou yo an mezi pou yo bay fanm yo swen gratis, pou ofri yo konpasyon, epi bay medam k ap di “Èske mwen ansent?” yo chwa, pandan gwosès la ak aprè nesans lan. Anvan nesans lan, nou bay tès gwosès gratis, tès STI (Enfeksyon moun pran nan fè sèks) gratis, ak ekografi gratis. Aprè nesans lan, nou bay manman yo asistans materyèl ak emosyonèl, jiskaske timoun nan gen twazan. Anpil fwa sant pou gwosès yo pa ka satisfè tout bezwen fanm sa yo genyen, men nou kapab mete yo an kontak ak resous lokal yo ki ka sèvi yo nan lòt domèn ki pa domèn nou. Sa gen ladann lojman, referans nan kad adopsyon, gadmanje manje, swen obstetrik ki abòdab, ak plis ankò.
Sèvis vital sa yo posib gras ak sipò donatè jenere nou yo ak volontè nou yo. Akòz sipò yo, n ap travay pi di pase avan pou nou bay fanm yo lanmou, pou nou sèvi yo, epi sove lavi yo. Pa gen pi gwo rekonpans pase ede yon fanm pou li aksepte kado matènite a epi pote yon nouvo lavi nan mond lan.
Kit w ap viv Gainesville, Sarasota, Fort Myers, North Naples, oswa nan Sid Naples, pran yon randevou nan youn nan Community Pregnancy Clinics nou yo ki nan zòn ou an si w pa sèten si w ansent epi si w bezwen repons ak sipò. Nou la pou ou kòm yon sipòtè sante fanm.