Tès Pou Detèmine ETS ak MTS gratis

Nan Community Pregnancy Clinics yo, sante w se priyorite nou. Nou sousye nou de ou ak relasyon ou yo, se poutèt sa nou vle ou gen yon vizyon konplè konsènan sante seksyèl ou ak konpòtman ou. Lè yo ofri tès ETS ak tès MTS gratis, pèsonèl medikal ki sètifye nou yo pare pou ba w enfòmasyon ak repons sou MTS yo.

Daprè CDC, 1 moun sou 5 moun nan peyi Etazini gen yon enfeksyon ki transmisib seksyèlman, epi prèske mwatye nan enfeksyon sa yo se pami jèn ki nan laj 15-24 lane. Si w ap mande tèt ou, “ki kote ki gen tès MTS ki touprè mwen?” pran yon randevou nan youn nan klinik nou yo anba a.

Asire Sante Seksyèl Ou nan Naples ak tès ETS gratis

Community Pregnancy Clinics gen de klinik ki nan Naples, FL. Avèk yon klinik ki sitye anba lavil Naples ak lòt la ki nan kwen Goodlette-Frank ak Creech Road, pèsonèl nou yo ki sètifye medikalman yo ap sèvi w ak swen epi ak konpasyon. Nou vle respekte vi prive w, kidonk tout sèvis nou yo gratis epi yo konfidansyèl. Nan pwograme vizit sou entènèt oswa pa telefòn, kowòdone randevou prive ak swiv dosye kliyan yo, anplwaye nou yo respekte règleman HIPAA yo konsènan enfòmasyon prive yo. Jiska yon nouvèl lòd, lokal ki Anba Lavil nou an fèmen akòz reparasyon dega siklòn yo. Men ou ka pran yon randevou nan lokal nou ki nan sant vil la jodi a menm.

Community Pregnancy Clinics anba lavil Naples

940 5th Avenue North, Naples, FL 34102

Community Pregnancy Clinics nan sant vil Naples

2977 Goodlette-Frank Road Suite 51, Naples, FL 34103

Pwoteje Sante w ak tès ETS gratis nan Fort Myers

Si w ap viv Fort Myers oswa touprè Fort Myers, ou ka pran yon randevou nan lokal nou an ki Fort Myers. Enfimyè ki diplome ak teknisyen ekografi nou yo ap ba w enfòmasyon medikal egzat konsènan sante seksyèl ou. Pa egzanp, daprè Depatman Sante Florida a, si w ansent, ou ka toujou enfekte nan MTS yo menm jam ak fanm ki pa ansent yo. Se poutèt sa enfimyè nou yo rekòmande pou ou fè yon tès ETS si w ansent paske enfeksyon w lan ka afekte tibebe w la. Anplis de sa, anpil nan ETS yo “silansye” epi yo pa montre okenn sentom, kidonk ou ka pa konnen si ou te atrape youn. Kit ou ansent ou pa, nou pral edike ou sou danje ETTS yo ak fason pou ou pwoteje tèt ou kont enfeksyon yo. Daprè CDC, pi meyè fason pou ou anpeche enfeksyon yo se pa fè sèks.

Community Pregnancy Clinics nan Fort Myers

8660 College Pkwy Suite 200, Fort Myers, FL 33919

Tès Sante Seksyèl gratis epi konfidansyèl nan Sarasota

Klinik Sarasota nou an sitiye dirèkteman dèyè katye jeneral rejyonal Planned Parenthood la. Si w gen kesyon konsènan sante seksyèl ou, pran yon randevou avèk nou. Anplwaye nou yo ki plan lanmou ap ba w swen, konpasyon, ak chwa epi enfòmasyon sou MTS, tankou siy ak sentom yo. Daprè Mayo Clinic, men kèk sentòm ki ka endike yon MTS:

  • Maleng oswa boul nan pati jenital yo oswa nan zòn bikal oswa rektal la
  • Doulè lè w ap Pipi oswa sansasyon boule
  • Ekoulman nan vajen ki pa nòmal oswa ki gen odè
  • Vajen k ap bay san ki pa yon abitid
  • Doulè pandan w ap fè sèks
  • Doulè anba vant

Community Pregnancy Clinics nan Sarasota

1419 7th Street, Sarasota, FL 34236

Fè tès depistaj pou ETS nan Gainesville gratis

Gen kèk maladi ki transmisib seksyèlman ki pa gen okenn siy oswa sentòm lakay anpil moun. Menm si ou pa ta gen okenn sentòm tankou sa yo Depatman Sante Florida nan Alachua County a mete sou sit entènèt yo, men ou te gen kontak seksyèl oswa ou panse ou enfekte, li toujou pi bon pou w teste.

Si w ap viv nan Gainesville, tcheke biwo nou an ki touprè ri University of Florida nan Roberts Stadium Club la. Kit ou se yon etidyan kolèj ou non, anplwaye nou yo pare pou yo sèvi ou. Pran yon Randevou jodi a menm.

Community Pregnancy Clinics nan Gainesville

1800 W University Ave, Suite 310, Gainesville, FL 32603

Aprann konsènan sante seksyèl ou nan klinik mobil nou yo

Chak mwa, Klinik mobil nou yo bay sèvis yon pakèt kote nan rejyon Sidwès Florid la, nou bay tout sèvis nou ofri nan biwo nou yo nan tout eta a, san konte tès ETS yo, gratis. Tanpri konsilte kalandriye klinik mobil nou yo pou ou jwenn yon lis lokal pou chak Klinik Mobil. Moun ki vini san randevou yo byenvini, men si ou ta renmen pran yon randevou pou yo wè ou nan yon lè espesifik, tanpri rele nan 239-940-1559 pou Klinik Mobil 1 oswa 941-993-5072. pou Klinik Mobil 2.

Si w santi w kontrarye akoz sante seksyèl ou, Community Pregnancy Clinics yo la pou ede w. Pran yon randevou nan youn nan klinik pou gwosès gratis nou yo jodi a menm.