12 Siy Gwosès
Èske w ap konstate chanjman nan kò w epi w ap mande tèt ou, “Èske mwen ansent?” Men yon lis premye siy gwosès yo:
1. Règ ou pa vini: Si règ ou gen yon semèn reta, sa ka yon siy gwosès. Sepandan, sentom sa a ka pa egzat si ou gen yon sik manstriyèl iregilye.
2. Kè plen/Vòmisman: Yo rele l maladi maten, kè plen trè kouran nan premye trimès la epi li ka akonpaye ak vomisman osinon li ka san vomisman. Li posib pou w fè eksperyans lan pita nan jounen an. Nravite a ka diferan selon moun nan epi li gen anpil chans pou se chanjman òmon yo ki koze l.
3. Tete sansib/anfle: Ou ka santi pikotman, doulè, anfle /elajisman tisi tete a. Ou ka remake zòn ki antoure pwent tete ou yo vin nwa. Depi kò w ajiste nouvo chanjman òmonal sa yo, sansasyon sa yo ta dwe diminye.
4. Tach lejè/ Senyen / Ekoulman vajinal: Sa a se yon emoraji enplantasyon ki vini aprè ovil ki fegonde a fin fikse nan pawa iteris la. Emoraji enplantasyon an ka fè w panse se règ ou, men emoraji enplantasyon an, an jeneral pi lejè nan kantite ak koulè, li pi kout nan tan, epi li pa gen kayo ladan.
5. Kranp ak Doulè: Diferan de kranp lè w gen règ ou, kranp gwosès la ta dwe prezan menm aprè ou pa wè règ ou. Gen lòt siy ak sentom gwosès, tankou kranp nan janm nan ak doulè nan do a.
6. Tèt fè mal: Tèt fè mal sa yo bay sansasyon tankou tèt vire oswa vètij epi se chanjman òmonal yo ki koze yo. Ou ta dwe konsidere yo ansanm ak lòt sentòm gwosès w ap eksperimante yo.
7. Sansiblite pou w pran sant: Malgre pa gen twòp prèv syantifik pou sentom sa a, li rete yon sentòm yo souvan rapòte epi li se pwobableman youn nan kòz kè plen pandan gwosès la.
8. Chanjman Apeti: Souvan manje ou renmen manje nòmalman yo p a bon nan bouch ou ditou si ou ansent. Sa a se akòz chanjman òmonal yo ak chanjman nan sans ou yo.
9. Pipi souvan: Sòf si w ap idrate w tankou moun fou, sa a ka yon siy yo gade si w prezante. Epitou se akoz chanjman òmonal yo, li posib pou w fè eksperyans sa a menm anvan ou pa wè règ ou.
10. Konstipasyon ak gonfleman: Pale de idratasyon, sa a se pa yon move lide an konparezon ak sentom sa a ki trè enkonfòtab! Si ou twalèt mwens pase 3 fwa nan yon semèn, ou ka ap fè fas ak konstipasyon gwosès la. Yon fwa ankò, akoz chanjman òmonal yo.
11. Chanjman atitid/Fatig: Kòm kò ou ap pwodui plis pwojestewòn pase nan tan nòmal yo, ou pral gen anpil chans pou atitid ou chanje. Pwojestewòn sipòte gwosès la epi li responsab pou pwodiksyon lèt nan tete yo. Nan yon semèn aprè konsepsyon an, ou ka santi fatig, paske kò ou ap travay pi di pou li ponpe plis san pou sipòte lavi ki anndan w lan.
12. Doulè nan lestomak oswa endijesyon: Li soti nan yon ogmantasyon pwojestewòn, doulè nan lestomak oswa endijesyon afekte plis fanm nan dezyèm ak twazyèm trimès yo. Sepandan, pa retire posiblite pou w gen yon kansè, sitou si se yon bagay ou pa fè eksperyans avè l nòmalman!
Community Pregnancy Clinics yo la pou gide w pandan tout gwosès ou a. Si w gen nenpòt nan sentom sa yo, pran yon randevou avèk nou jodi a menm. Klinik gratis pou gwosès nou yo sitye yo nan Gainesville, Sarasota, Fort Myers, ak Naples.