Chak mwa, Klinik mobil nou yo bay sèvis yon pakèt kote nan rejyon Sidwès Florid la, nou bay tout sèvis nou ofri nan biwo nou yo nan tout eta a gratis. Tanpri konsilte kalandriye nou yo pou ou jwenn yon lis lokal pou chak Klinik Mobil. Moun ki vini san randevou yo byenvini, men si ou ta renmen pran yon randevou pou yo wè ou nan yon lè espesifik, tanpri rele nan 239-940-1559 pou Klinik Mobil 1 oswa 941-993-5072. pou Klinik Mobil 2.
Tanpri sonje, lè nou pake nan chak kote yo, pòt Klinik la rete fèmen pou konfidansyalite pasyan yo ak pou ekonomize sou depans fonksyònman yo. Tanpri frape vit pasaje devan an lè ou rive, epi n ap twò kontan ede ou.
Tanpri pote yon pyès idantite.ki gen foto w epi si ou ap mande tès depistaj ETS a, tanpri pa pipi depi 1 èdtan anvan vizit ou a.
Kalandriye Klinik Mobil nou yo ki anba a endike dat ak lokasyon de (2) klinik yo, epi gen mizajou ki fèt ladan regilyèman.