Kòm lwa sou avòtman eta yo ap vin gen plis restriksyon atravè Etazini, avòtman chimik yo ap ogmante. An reyalite, avòtman chimik yo reprezante 70% nan tout avòtman nan peyi nou an. Daprè Charlotte Lozier Institute, nan Florida, 58% nan avòtman yo se avòtman chimik. An 2021, prèske 80,000 avòtman te fèt nan Florida, epi nan 79,817 avòtman yo 46,433 nan yo te chimik.
Yo rele l avòtman medikal oswa konprime avòtman, avòtman chimik entansyonèlman an lakoz anbriyon an detache nan matris la epi li pwovoke foskouch. Daprè Gulf Coast FL Women’s Clinic, ou ka anvizaje yon avòtman chimik nan 10 semèn oswa pi piti nan moman gwosès la. Pandan Planned Parenthood deklare konprime avòtman an se “yon fason ki san danje epi efikas pou mete fen nan yon gwosès,” nou menm nan Community Pregnancy Clinics n ap ede w konprann risk ki genyen nan fè yon avòtman chimik ak tretman pou ranvèse efè premye konprime avòtman an.
Si ou pran konprime pou Ranvèse konprime Avòtman an nan espas 72 èdtan aprè ou fin pran premye konprime avòtman an, konprime a bloke epi ranvèse efè avòtman chimik la. Enfimyè nou yo ap konekte ou ak liy dirèk pou ranvèse konprime avòtman an (877.558.0333) oswa ak yon moun atravè chat an dirèk lè w vizite sit entènèt pou ranvèse konprime avòtman an. Sou sit la, yon pwofesyonèl ki disponib ap poze w kèk kesyon fondamantal pou wè si yon ranvèsman posib. Aprè sa, l ap mete w an kontak ak yon doktè oswa yon founisè swen medikal ki nan zòn ou an pou ou kòmanse tretman an.
Konnen efè konprime avòtman an nan Naples
Premye konprime avòtman an (Mifepristone oswa RU-486) bloke pwojestewòn pou tibebe a, epi dezyèm konprime a (Misoprostol) kòmanse kontraksyon pou mete tibebe a deyò nan iteris fanm nan. Lè yo preskri Konprime Avòtman an, anpil fanm di yo dwe konplete avòtman an lè yo pran dezyèm Konprime Avòtman an. Se pa vre. Li posib epi san danje pou w chanje lide w epi kenbe tibebe w la. Nou menm nan Community Pregnancy Clinics nou konprann yon gwosès ki pa planifye ka fè pè epi li ka difisil, epi anpil fanm pran desizyon pou yo avòte lè yo pè ak gen estrès, sepandan, pifò fanm gen plis detrès akòz avòtman yo.
Daprè yon etid Support After Abortion te fè, 6 fanm sou 10 ki fè yon avòtman chimik di se te yon eksperyans twomatik pou yo epi yo te fè gen doulè fizik, detrès emosyonèl, ansanm ak santiman izolasyon pandan ak nan tout pwosesis de konprime yo. Epi 82% nan fanm yo pa t konnen ki kote yo ale pou yo jwenn èd aprè eksperyans sa a.
Pandan Planned Parenthood reklame, pran konprime avòtman an bay enpresyon ou “gen règ ki koule anpil ak kranp, epi pwosesis la sanble ak yon foskouch prekòs,” sit entènèt yo a pa montre lòt efè segondè ki genyen nan avòtman chimik la, tankou kè plen, feblès, lafyèv, frison, vomisman, tèt fè mal, dyare, vètij, chagren emosyonèl, chòk, ak koze lanmò tibebe w la.
Community Pregnancy Clinics anba lavil Naples
940 5th Avenue North, Naples, FL 34102
Community Pregnancy Clinics nan sant vil Naples
2977 Goodlette-Frank Road Suite 51, Naples, FL 34103
Konprann Pwosesis Ranvèsman Konprime Avòtman an nan Fort Myers
APR la fèt ak pwojestewòn ki se yon òmòn natirèl nan kò yon fanm ki pèmèt li pran swen ak kenbe yon gwosès. Si ou pran APR la nan espas 72 èdtan aprè premye konprime avòtman an, APR la ap anile blokaj pwojestewòn premye konprime avòtman an te inisye a epi rekonstitye pwojestewòn k ap kenbe yon ti bebe a vivan nan iteris la.
Pwojestewòn ak estwojèn yo se òmòn dominan ki kontwole sik repwodiktif yon fanm, epi dwe gen yon nivo sifizan nan tou de pou fanm nan kenbe sante li ak gwosès la. Daprè Fertility Education and Medical Managementl, pwojestewòn detann iteris la epi kenbe andomèt la, kote tibebe a enplante nan matris la. Si yon fanm pa gen ase pwojestewòn, li riske fè foskouch. Pandan konprime avòtman an fè espre bloke pwojestewòn nan san manman an ap bay ti bebe li a, ranvèsman konprime avòtman an ba li plis pwojestewòn pou ede l kenbe pawa iteris li epi kenbe ti bebe a vivan.
Pwojestewòn nan bon pou itilize epi doktè yo preskri fanm yo pou plizyè rezon ki gen awè ak sante. Daprè Mayo Clinic, òmón sa a ka itilize pou kontwole sik manstriyèl yon fanm, trete senyen ki etranj, epi anpeche chanjman nan iteris la pandan menopoz la.
Community Pregnancy Clinics nan Fort Myers
8660 College Pkwy Suite 200, Fort Myers, FL 33919
Efikasite Ranvèsman konprime Avòtman an nan Sarasota
Pandan konprime pou ranvèse efè konprime avòtman bon pou itilize, li gen yon to reyisit ki elve. Daprè Heartbeat International, konprime pou ranvèse efè konprime avòtman an sove plis pase 3,000 ti bebe nan avòtman chimik. Depi 2012, 200 ti bebe yo te rive sove nan Florida. An jeneral, APR gen yon pousantaj siksè ki rive a 64-68%.
Klinik Sarasota a sitye l dirèkteman dèyè Katye Jeneral Planned Parenthood Rejyonal la, klinik la konekte plizyè fanm ak liy dirèk pou ranvèse efè konprime Avòtman an epi kòm rezilta, sa rive sove plizyè lavi. Kontrèman ak depans pou konprime Avòtman yo ki wo ak risk konprime Avòtman an genyen, swen nan Klinik Gwosès Kominotè ak tretman APR yo gratis epi yo san danje.
Community Pregnancy Clinics nan Sarasota
1419 7th Street, Sarasota, FL 34236
Resevwa gerizon aprè w fin pran konprime avòtman an nan Gainesville
Si ou te fè yon avòtman chirijikal oswa chimik epi ou bezwen èd, konseye nou yo la pou ou epi yo ofri sèvis konsèy gratis. Pou plis konsèy, n ap konekte ou ak Support After Abortion ki bay gason ak fanm sèvis konsèy anonim pou rive nan konnen, youn-ak-youn, gwoup, vityèl, relijye, oswa sektaris.
Community Pregnancy Clinics nan Gainesville
1800 W University Ave, Suite 310, Gainesville, FL 32603
Bay timoun ou yo yon dezyèm chans nan lavi gras ak klinik mobil nou yo
Anplis 5 klinik fizik nou yo, Community Pregnancy Clinics yo gen de klinik medikal mobil ki kanpe nan diferan zòn atravè Florida. Ou ka gade Kalandriye Klinik Mobil Nou Yo pou w ka jwenn ki kote de klinik mobil nou yo ap ye. Pou ou pran yon randevou nan Klinik mobil 1 an, rele nan 239-940-1559, epi pou ou pran yon randevou nan Klinik mobil 2 a, rele nan 941-993-5072. Ekip medikal nan chak lokal yo ka ba w plis enfòmasyon sou avòtman chimik ak ranvèsman Konprime Avòtman an.
Pou ou aprann plis sou Konprime avòtman an oswa si w bezwen ranvèse efè Konprime Avòtman an, Community Pregnancy Clinics yo la pou ede w. Rele liy dirèk pou ranvèse efè konprime avòtman nou an nan 877.558.0333. Osinon, ou kapab pran yon randevou nan youn nan klinik gratis pou gwosès nou yo jodi a menm.