W ap enkyete w pou sante seksyèl ou epi w ap mande tèt ou, “ki kote tès MTS gratis ki pi prè m yo ye?” Li tèks ki vin aprè a pou w aprann plis konsènan maladi ki transmisib seksyèlman yo epi pran yon randevou nan Community Pregnancy Clinics yo pou w fè tès la.
Klamidya
Klamidya se yon maladi kouran ki transmèt seksyèlman, se yon bakteri (klamidya trakomatis) ki ka domaje ògàn repwodiktif fanm ki lakoz li. Paske sentom klamidya yo pa twò grav oswa yo absan, sa ka lakoz domaj ki pèmanan, tankou enfètilite, anvan menm yon fanm ta rive konnen.
Twa ka nan fanm ki enfekte yo ak mwatye nan gason ki enfekte yo pa gen okenn sentom. Souvan, yo pa dyagnostike oswa trete enfeksyon an jiskaske konplikasyon yo devlope. Lakay fanm yo, bakteri yo atake ouvèti iteris la (kòl iteris la) ak kanal pou pipi a (irèt) avan.
Kèk grenn fanm ki gen sentòm yo ka gen yon ekoulman anòmal nan vajen yo oswa yo ka gen yon sansasyon boule lè y ap pipi. Lè enfeksyon an gaye soti nan kòl iteris la pou rive nan tib twonp falòp yo, gen kèk fanm ki pa gen okenn sentòm toujou: gen lòt moun ki gen doulè anba vant yo, doulè nan rèl do a, kè plen, lafyèv, doulè pandan y ap fè bagay ak y ap senyen ant peryòd règ yo. Chak fwa enfeksyon an gaye pase kòl iteris la nan sistèm repwodiktif siperyè a, ka kòmanse gen lezyon pèmanan. Sa a se youn nan rezon ki fè ou dwe konnen si ou gen Klamidya anvan ou fè yon avòtman. Si w pa jwenn tretman ak antibyotik, avòtman an ka pwopaje enfeksyon an nan sistèm repwodiktif siperyè a.
Ou santi w boulvèse? Pa enkyete w, sant resous gwosès nou an la pou reponn nenpòt kesyon ou ka genyen konsènan sante seksyèl ou.
Gonore
Èske w te konnen devlopman rezistans ak antimikwòb nan neserya gonoreya (Gonore) a se yon pwoblèm sante piblik k ap grandi sitou paske se sèlman yon klas antibyotik ki rekòmande pou tretman an.
Nan fen ane 1990 yo ak kòmansman ane 2000 yo, rezistans ciprofloxacin (sipwofloksasin) te kòmanse ogmante nan Hawaii (Away) ak kòt Lwès la, ak nan 2004, rezistans siprofloxacin te ogmante nan zafè gason k ap fè sèks ak gason (Men who have Sex with Men, MSM). An 2006, 13.8% nan izole yo te montre rezistans yo nan ciprofloxacin, epi li te prezan nan tout rejyon nan peyi a ak lakay popilasyon etewoseksyèl la. Nan dat 13 avril 2007, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo (CDC, Centers for Disease Control and Prevention) te sispann rekòmande fluoroquinolones (fliyowokinolonès) kòm tretman pou enfeksyon gonokòk pou tout moun nan peyi Etazini.
Youn nan gwo defi pou kontwole rezistans ak antimikwòb yo k ap devlope nan N. gonorreya se yon bès sibstansyèl nan kapasite laboratwa yo pou yo fè teknik ki esansyèl pou kilti gonore ki nesesè pou tès antibyotik yo. Pou plis enfòmasyon, vizite sit wèb: cdc.gov/std/Gonorrhea

Pwograme yon tès ETS gratis jodi a nan klinik nou yo ki nan Naples, Fort Myers, Sarasota, oswa Gainesville.