Ki sa w t ap fè si avòtman se pa t sèl opsyon ou genyen?

Nan Community Pregnancy Clinics yo, nou eksplike reyalite chak opsyon gwosès yon fanm ap konfwonte – Vin paran, adopsyon, ak avòtman. Pandan anpil fanm panse avòtman se sèlman opsyon yo genyen, enfimyè nou yo ak konseye nou yo ap ede yo konprann se pa sèlman opsyon yo genyen. Lè nou bay sèvis gratis yo epi nou mete fanm yo an kontak ak resous yo, klinik gwosès gratis nou yo ap rann espwa a posib. Anba a n ap jwenn yon istwa yon fanm ki te vini nan Community Pregnancy Clinics (Klinik Kominotè pou Gwosès yo) dènyèman, ki te panse avòtman se te sèl opsyon li te genyen.

Temwanyaj Kliyan an

Sa gen kèk mwa, mwen aprann mwen ansent. Mwen te tèlman gen estrès lè pou m te di menaj mwen sa Nou youn te renmen lòt anpil, men mwen te konnen li pa t anvi gen yon bebe. Mwen vle di nou te jèn epi nou pa t marye, kidonk, sa a pa t nan plan nou menm. Aprè mwen fin pran kouraj pou mwen di l mwen ansent, li di m pou m fè yon avòtman, epi si m fè sa n ap ka rete ansanm. Kòm mwen pa t vle pèdi l, mwen te pran yon randevou nan Planin Familyal. Mwen pa t vle avòte, men mwen te santi tankou se te sèl opsyon mwen te genyen. Lè mwen antre nan Planin Familyal la poukont mwen jou sa a, mwen te tèlman sou presyon.

Mwen remake yon gwoup moun ki kanpe deyò. Yo te kenbe plizyè pannkat ki te gen fraz tankou “Nou la pou nou ede” ak “nou ap mete ou an kontak ak resous yo,” epi mwen kwè yo t ap priye. Yo te sanble janti anpil, epi mwen te vrèman bezwen reyèlman èd. Mwen pa t vle sa ki ta pral pase a. Pandan m t ap mache tou dousman pou m antre nan pòt devan gwo bilding gri sa a, yon fanm nan gwoup la te apwoche bò kote m. Mwen pa sonje egzakteman sa li te di, men mwen te konnen mwen te ka fè l konfyans, epi mwen pa t vle antre nan gwo pòt sa yo. Li akonpanye m nan kwen lari a nan yon kote li di m ki se yon sant gwosès ki bay sèvis gratis, kontrèman ak sant Planin Familyal yo.

Mwen pa t konnen sa ki ta pral pase, men mwen te santi m an sekirite. Pandan nou t ap antre nan sant gwosès la, yon jèn fi ki t ap souri te vin akeyi m nan resepsyon an, epi byen rapid mwen te chita nan yon bèl chanm bò kote yon enfimyè. Mwen te konnen mwen te kapab fè li konfyans. Li te tèlman janti epi li te poze m anpil kesyon menaj mwen an pa t janm poze m depi lè m te konnen mwen ansent lan. Mwen te santi m an sekirite. Kidonk, mwen eksplike ki jan menaj mwen an pa t sispann di m pou m avòte. Ki jan li te pwomèt mwen si mwen te fè youn, nou t ap ka gen yon avni ansanm. Sa te fè m byen pou m soti nan tèt mwen epi pou m di enfimyè a tout bagay sa yo. Li te kontinye koute m ak montre m li dakò. Mwen te santi yo tande m.

Menm moman an, telefòn mwen sonnen, epi se te li. Li pa t sispann di mo avòtman an. Mwen pa t menm konnen ki sa pou m di l ankò, epi mwen te kapab santi egoyis la nan vwa l. “Èske ou ka pale ak li tanpri?” Mwen mande enfimyè a. Li fè sa a epi m te santi m soulaje. Li esplike nou de a ki jan nou kapab fè pou sa a ka fonksyone ak ki jan nou ta ka pran swen ti lavi sa a k ap grandi anndan mwen an. Mwen te konnen li pa t ap bouje, men mwen te konnen enfimyè a te gen rezon. Lè mwen realize li p ap janm chanje lide, mwen rakwoche telefòn nan.

”L ap kite m. L ap kite m kit mwen kenbe bebe a, kit m pa kenbe l,” se sa mwen di enfimyè a, Kounya, mwen gen yon antesedan medikal konplike, epi menm si mwen jèn, mwen te konnen sa a te kapab sèl grenn chans mwen genyen pou m gen pwòp pitit mwen. Mwen di, “M pral gaspiye chans sa a m genyen pou m vin yon manman an, epi l ap kite m malgre sa ‘,”. Enfimyè a te chita epi li pa t di yon mo. Mwen gade atè a epi m kòmanse reflechi.

Aprè yon ti moman, enfimyè a panche devan m, li mande m “Èske nou vle al wè ti bebe a?”. Mwen reponn “Sètènman” ak anpil asirans, Li mennen m nan yon sal ekografi epi byen rapid mwen t ap gade kè bebe m nan ki t ap bat nan ekran an. Ti bebe mwen an. Mwen vin reyalize mwen pa t bezwen menaj mwen an, mwen bezwen pwoteje ti bebe mwen an sèlman.

Teknisyen ekografi a te fè m remake karakteristik ti bebe m nan t ap devlope epi li te gen menm jantiyès ak lanmou enfimyè a te genyen an. Nan fen randevou a, yo te pale de plizyè vitamin prenatal mwen pa t janm konn tande pale anvan. Mwen reyalize mwen ta pral yon manman, epi m vin santi vrèman byen. Avèk sipò medam sa yo, mwen te konnen tout bagay ta pral byen pase pou mwen.

Si w ansent epi w panse avòtman se sèl opsyon w genyen, pran yon randevou nan youn nan sant resous pou gwosès (pregnancy resource centers) nou yo. Pèsonèl medikal byen atansyone nou yo ki nan Naples, Fort Myers, Sarasota, ak Gainesville yo pare pou ede w.