Bilan yon lane nan Klinik Gwosès Gratis nou an

N ap pran swen ou nan Naples

Community Pregnancy Clinics sèvi fanm ak swen, konpasyon, epi ba yo chwa nan tout Florida. An 2022, nou te bay 5,788 sèvis gratis epi konfidansyèl tankou tès gwosès, ekografi, tès depistaj ETS, ranvèsman konprime avòtman an, sèvis konsèy, ak asistans materyèl. Pandan pwofesyonèl medikal ki devwe nou yo epi ki san parèy yo ap bay swen fizik, kliyan nou yo plis apresye sipò emosyonèl fanm yo ap resevwa a. Nou wè valè san mezi chak grenn fanm ki antre nan pòt nou, epi objektif se pou nou ede fanm yo wè valè enfini yo. Aprè yon kliyan te vini nan klinik nou an, li te ekri “Nivo swen otantik ak sipò mwen resevwa nan men tout ekip la pa ka mezire! Enpak eksperyans sa a te genyen sou lavi m pa ka esplike. Mèsi anpil!” Nou onore pou nou sipòte fanm yo emosyonèlman pandan moman ki pi difisil nan lavi yo ak pi lwen toujou. Nou bay jiska twazan asistans materyèl aprè yon manman fè tibebe, epi ane ki sot pase a, nou te bay 1470 fanm asistans materyèl sèlman.

Sant resous gwosès nou an se yon kote ki an sekirite, epi nou pare pou ede w ak bra louvri. Si w ap viv nan zòn Naples epi w bezwen sèvis nou yo, vizite youn nan de klinik nou yo ki nan Naples jodi a menm.

Community Pregnancy Clinics anba lavil Naples

940 5th Avenue North, Naples, FL 34102

Community Pregnancy Clinics nan sant vil Naples

2977 Goodlette-Frank Road Suite 51, Naples, FL 34103

Bay sèvis medikal pwofesyonèl nan Fort Myers

Avèk twa direktè medikal, enfimyè ki diplome, ak teknisyen ultrason ki diplome, nou sèvi fanm yo ak bon jan swen. Anplis tès gwosès la ak ekografi a, klinik gratis pou gwosès nou an ofri sèvis yo pa jwenn fasil nan lòt sant gwosès yo. An 2022, nou te bay 654 tès ETS gratis, 6 sèvis ranvèsman konprime avòtman an, ak 1,650 ekografi. Nan chak randevou tès ETS yo, anplwaye k ap pran swen pasyan nou yo ap kreye yon atmosfè konfòtab kote kliyan yo santi yo lib pou pataje sou relasyon entim yo ak sou sante seksyèl yo. Aprè randevou li nan Community Pregnancy Clinics, yon kliyan te ekri, “Mwen te santi m alèz lè m t ap pale de vi seksyèl mwen ak eksperyans seksyèl mwen. Mwen rekòmande l anpil pou nenpòt moun vin eseye li oswa pran yon randevou.” Swen pwofesyonèl nan Community Pregnancy Clinics yo asosye avèk yon konpasyon otantik pou kliyan yo, ki pèmèt fanm yo santi yo wè yo, yo konnen yo epi yo renmen yo.

Si w bezwen sèvis gwosès oswa sèvis sante seksyèl epi w abite touprè Fort Myers, pran yon randevou jodi a menm.

Community Pregnancy Clinics nan Fort Myers

8660 College Pkwy Suite 200, Fort Myers, FL 33919

Jwenn mwayen pou w aji gras ak edikasyon

Nan Community Pregnancy Clinics, nou kwè gen pouvwa nan konesans. Nou enfòme fanm ak gason sou tout aspè gwosès la ak lavi a pou yo ka pran bon jan desizyon pou tèt yo. Atravè pwogram edikasyon, patenarya, ak sèvis konsèy yo, n ap fè tout efò posib pou nou edike fanm ak gason sou sante seksyèl yo. Ane ki sot pase a, nou te elaji Pwogram Edikasyon pou Sante Seksyèl ak Relasyon Seksyè (Sexual Health and Relationship Education – S.H.A.R.E.) pou nou rive jwenn plis elèv lekòl mwayen ak segondè ak mesaj kote entegrite seksyèl la pase anvan. Espwa nou se bay jèn yo pouvwa pou yo pran bon jan desizyon sou sante seksyèl yo, pou yo ka viv lavi yo ak disiplin epi ak libète.

Pandan n ap rive jwenn jèn yo anvan yo antre nan kriz, n ap kontinye elaji patenarya nou yo ak òganizasyon yo pou pi byen sèvi fanm ak gason ki vin nan klinik nou yo. Atravè koneksyon nou ak Abortion Pill Reversal Network ak Support After Abortion, n ap ede plis fanm ak gason jwenn sipò pou sove lavi ak jwenn gerizon yo bezwen.

Li twouve li dirèkteman anfas kanpis University of Florida a, klinik Gainesville nou an ap sèvi sitou etidyan kolèj ki gen plis risk pou yo trape yon MTS oswa pou yo fè yon avòtman. Si w abite Gainesville epi w bezwen tès ETS gratis oswa si w gen enkyetid konsènan sante seksyèl ou pran yon randevou nan klinik nou an jodi a menm.

Community Pregnancy Clinics nan Gainesville

1800 W University Ave, Suite 310, Gainesville, FL 32603

Ba ou lespwa nan Sarasota

An 2022, nou te kapab ede 2,770 fanm ak gason atravè tout Florida a. Kit se pou edike yo sou sante seksyèl yo, gide yo pandan tout gwosès yo, oswa montre yo ti bebe yo sou yon ekran ekografi, nou ap sipòte fanm yo ak gason yo nan fason nou kapab. Anpil kliyan te pataje kòmantè sensè yo konsènan klinik nou yo:

“Mèsi pou tout èd nou! Randevou sa a te fè m louvri epi li te ban m enspirasyon antanke manman ak sèvant Bondye!”

“Mwen rekonesan anpil paske mwen jwenn kote sa a. Yo te trete mwen ak lanmou epi ak respè. Mèsi ak tout Ekip la.”

“Mwen renmen kote sa a. Yo tèlman trete w ak respè epi yo di w tout sa ou dwe konnen konsènan tibebe w la ak gwosès la. Vini isit la maten an te ede m anpil.”

Si w ap viv nan Sarasota epi w bezwen sipò pou gwosès gratis, vizite klinik Sarasota a jodi a menm.

Community Pregnancy Clinics nan Sarasota

1419 7th Street, Sarasota, FL 34236

Nan Community Pregnancy Clinics, Nou la pou ou! Vizite nou nan Naples, Fort Myers, Sarasota, ak Gainesville pou w ka jwenn èd pou gwosès gratis.