Kòm avòtman chimik / konprime avòtman an vin pi aksesib, nou vle ou gen enfòmasyon ki pi egzak ak onèt anvan ou deside kijan pou avanse pou pi devan gwosès ou. Kòm yon klinik gratis pou gwosès, Community Pregnancy Clinics bay repons, opsyon, ak konpasyon.
Ki sa avòtman chimik lan ye?
- Pwosesis de konprime a gen objektif pou li touye ak ekspilse yon timoun k ap devlope nan iteris la nan premye trimès gwosès la.
- Yo preskri Premye konprime a nan 10 premye semèn gwosès yo
- Ou pran Dezyèm konprime a nan 6-48 èdtan aprè premye konprime a
- Li ka mete sante ak lavi manman an an danje
Ki jan yon avòtman chimik fonksyone?
- Premye konprime a bloke koule pwojestewòn ki bay eleman nitritif ki nesesè yo pou kenbe gwosès la
- Dezyèm konprime a kòmanse kontraksyon ki pèmèt fanm nan mete tibebe a deyò
Ki risk ki genyen?
- Avòtman ki pa konplè
Nan yon avòtman ki enkonplè, fanm nan ka pa ekspilse tout oswa yon pati nan ti bebe a ak plasenta sa ki ka mennen nan yon enfeksyon, yon emoraji pwolonje, epi pètèt lanmò.
- Gwosès Ektopik ki pa dyagnostike
Yon gwosès ektopik se lè yon anbriyon enplante yon lòt kote ki pa nan iteris manman an (souvan nan tib tronp lan). Si yon fanm pa konnen gwosès ektopik la epi li pran konprime avòtman yo, sante li ap an danje paske sentom gwosès ektopik li yo ap kache anba gwo doulè ak emoraji ki asosye ak avòtman chimik la. Anbriyon an ka kontinye grandi jiskaske tib twonp falòp fanm nan kase, sa ki ka koute lavi fanm nan, menmjan ak lavi tibebe a.
Èske li twò ta pou m kanpe si m te pran premye konprime avòtman an?
- Community Pregnancy Clinics yo gen plizyè konprime pou fè sovtaj gwosès ak tibebe ki an sante yo. Si ou chanje lide epi pran konprime pou ranvèse efè avòtman an nan espas 72 èdtan aprè w pran premye konprime avòtman an, li pa twò ta pou ranvèse efè yo.
- Kontakte biwo nou an, rele Liy dirèk ki la pou ranvèsman konprime avòtman nan 877-558-0333, oswa konekte avèk yon liy asistans atravè chat an dirèk la.
Klinik nou yo sitye yo nan Naples, Fort Myers, Sarasota, ak Gainesville. Pran yon randevou avè nou jodi a menm epi chèche jwenn tout enfòmasyon sou chak opsyon gwosès ou yo.